M pa t janm yon bon lanmoure w te konnen sa

M pa t janm yon bon lanmoure w te konnen sa
e lè se pawòl mwen k koud moso verite m
nan nannan mounite w
ou pa t pou te rayi powèt la.
Kè w boude w fache
ou pa t pou te kondannen m
koule tout esans mo m sou do tòl mekontantman
kite zegiy la san fil.
Alèkile m pa t pou te powèt ankò,
si tout sa m ekri pa t eple non w…

Filoziya.

Share the Post:

Related Posts