Powèm nan anba katouch

Powèm nan anba katouch
yo fin vyole l
se pou l al make douvan pòt kay
minis jistis la
ak san k ap koule nan dèyè l

Powèm nan san pye ni tèt
pote tout bout balèn yo bay
nonm ki nan tèt lapolis la

Granmoun ki abitye dòmi nan ONU an
nèg ki te gaspiye kòb PetwoKaribe
ak tòlwouj yo
pou bare mechanste yo
Sa k vann nou blakawout nan Sogener la
ak premye minis ki fè 25 estad yo
Avoka pèp la ki pa nan pèp la
Ansyen sensatè latibonit ki kraze kès ONA
sou non manman l lan
Madanm ki te voye vant li fas PHTK
nan eleksyon 2011 yo
Mesye makèt la k ta vle prezidan dwe konnen

(…)

diferans ki genyen ant tou ki fèt nan bokit la
ak yon kavo se dimansyon tou yo
y ap fini menm jan ak powèm nan
koumanse sou fanm ki gwòs lakay yo

Share the Post:

Related Posts