Timoun yo konprann s ak fè kè yo kontan
Yo konnen sa ki mete lajwa lakay yo
Yo kwè ensten yo nan lavi pou yo viv li san konplikasyon
San yo pa konnen y ap jwi li demen y ap gen pou sonje menm timoun nan vwazinaj yo.
Pou kisa nou menm granmoun yo, pi gran yo, n ap viv kòm envite endezirab?
Chanjman se nati lavi,
Nou pa ka ap kouri pou s ak dwe fini ni ap dodine sou sa ki gentan pase.