Powèt, kreyatè kontni, manm fondatè klèb literè “Mèb sèvo”, Ninia Bien – Aimé (Tipowèt) fè pati bèl konstelasyon jèn sa yo ki kenbe antèn pwezi ayisyen an byen wo andeyò peyi Ayiti, presizeman Ozetazini. Nan Rasin Editions, Tipowèt fenk pibliye premye rekèy li, Defile Akwifè”, l ap genyen pou li prezante nan okazyon 5èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl soti 5 pou rive 10 desanm 2023 a. Rankont ak Ninia sou rekèy la ak lòt koze.
Le Nouvelliste – LN : An gwosomodo, se kiyès Ninia Bien – Aimé ye?
Ninia Bien-Aimé (NBA) : Ninia Bien-Aimé (Tipowèt) se otè, powèt, kreyatè kontni, etidyan nan jesyon resous imèn; sekretè jeneral Mèb Sèvo (Klèb Lekti), s on espas ki disponib pou satouwèt literati kreyòl, kote tout pitit literati kapab kwaze dwèt youn ak lòt pou fè bon jan lekti tèks kreyòl, pou ankouraj…
Source: https://lenouvelliste.com/article/245314/rankont-ak-ninia-bien-aime-ote-defile-akwife